Sòs Kodenn ak duri Blan ,sòs pwa vèt salad bètrav

Facebook : https://www.facebook.com/assiettecreole ENGREDIAN (pou 4 moun) 2 a 6 kuis kodenn ou « Haut » de Kuis yo (nou kapap achte on ti kodenn antye ke nou dekoupe) 2-3 kuyè (a soup) pat tomat Luil pou nou ka wousi vyann lan 1 zonyon koupe an rondèl Mwatye pwavon vèt ,Mwatye Pwavon rouj 1 piman Pou netwaye vyann lan 3 sitron koupe en 2 Sèl ak vinèg Epis Retire tout grès ki sou vyann lan avèk on ti kouto .Frote chak moso kodenn avèk sitron yo (fè sa o mwen 2 fwa) et pui rinsel . Ajoute sèl ak vinèg ,kite vyann nan tranpe ladannl pandan kèk minut anvan nou rinsel Pandans tan sa mete bonkou dlo bouyi videl sou vyann lan leu ou finn rinsel kitel kek segond ansuit retire vyann lan nan dlo a. Leu ou fini mete Epis ,giròf, sèl sou vyann lan kitel o mwen 30 minut .Bouyi vyann nan avec dlo epis la (ajoute on ti kras dlo si ou vle men pa twòp). Leu vyann nan a mwatye kuit retirel nan chaudyè a mete dlo kuison an li menm nan on lot resipian . Nou pwal rousi vyann lan (sak fe m pa tan li finn kuit anvanm rousil se pou vyann lan pa kraze ). Mete on ti luil nan chaudye a . Melanje pat tomat la ak on ti dlo kuison an poul forme on melanj epè .Leu luil la cho mete vyann yo nan chodyè a . Fè on ti kitel pran kouleu sou on bò ansuit virel sou lòt bo pou fè li pran kouleu sou tout bò yo . An mèm tan vide melanj pat tomat la sou yo de tan an tan ,.Fok ou fe atansyon anpil pou vyann nan pa boule . Leu vyann nan pran kouleu ajoute rès dlo kuison an ,zonyon yo ,pwavon yo et piman .Goute pou ou kapab ajustel nan gou paw . Kitel finn kuit pou 10 -15 minut MUSIC : "Notanico Merengue" Kevin MacLeod (incompetech.com) Licensed under Creative Commons: By Attribution 3.0 http://creativecommons.org/licenses/by/3.0/

2014-01-10

93,009 views

video

Recipes